An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Administratè EPA a Wheeler te fè yon ti Chita Pale Avèk Detayan ak Platfòm Mache Tyès Pati yo pou Diskite Etap pou Pwoteje Konsomatè Ameriken yo kont Fo Reklamasyon Dezenfektan Kont Kowonaviris

WASHINGTON (3 avril 2020) - Maten an, Administratè Ajans Pwoteksyon Anviwònman an (Environmental Protection Agency, EPA) Andrew Wheeler te òganize yon apèl nan telefòn entèraktif avèk detayan ak platfòm mache tyès pati Ozetazini yo pati pou diskite sou fo pwodui dezenfektan ak fo reklamasyon moun di ki mache byen kont nouvo kowonaviris la, SARS-CoV-2, ki bay COVID-19. Avèk konsèy, plent, ak rechèch, ajans la ap aprann sou disponiblite pwodui sa yo y ap vann ak anpil reklamasyon danjere ki di yo ka pwoteje kont kowonaviris la epi n ap mande èd kominote detayan an pou anpeche pwodui sa yo antre nan mache.

Administratè EPA Andrew Wheeler "Pa gen pi gwo priyorite pou EPA pase pwoteje sante ak sekirite Ameriken yo. "Grasa diskisyon nou maten an nou te jwenn anpil enfòmasyon ki te pèmèt nou travay byen, epi ansanm, nou pral travay avèk dilijans pou asire konsomatè yo gen aksè nan pwodui dezenfektan sifas ki apwouve pa EPA; pwodui nou konnen ki efikas kont nouvo kowonaviris la. Nou angaje nou pou fè pati pa nou pou bay Ameriken yo enfòmasyon yo bezwen pou pwoteje fanmi yo. ”

Michael Hanson, Vis Prezidan Egzekitif Prensipal la te di "Asire tout Ameriken gen aksè nan pwodui dezenfektan ki an sekirite epi ki efikas pandan n ap goumen pou bese koub COVID-19 a nèt se yon priyorite pou gran detayan yo." “Manm RILA gen pwogram konfòmite solid an plas epi yo travay deprè ak founisè yo fè konfyans pou asire tout pwodui yo vann satisfè oswa depase egzijans sekirite estanda ak legal Etazini. RILA fyè pou l asosye avèk EPA pou ogmante konsyantizasyon konsomatè sou reklamasyon COVID ki pa legal yo. Nou pa ka kite magouyè sa yo twonpe piblik ameriken an pandan kriz sa a, epi gran detayan yo pare pou yo travay avèk EPA pou mete yon ti limyè sou fo reklamasyon yo. ”

David French, Vis Prezidan Prensipal Relasyon Gouvènman pou Federasyon Nasyonal Detayan an te di "Endistri detayan an ap travay di pou kontwole ak bloke moun k ap eseye pwofite sou pandemi sa a kote y ap vann fo pwodui dezenfektan." "Pwoblèm sa a egzije pou tout moun mete men pou pwoteje konsomatè ak detayan yo, ki se rezon sa a endistri detayan an ap travay deprè ak EPA ou retire fo pwodui nan mache a pi vit posib.

Lance Lanciault, Vis Prezidan ak Ajan Etik ak Konfòmite Komès Elektwonik Walmart te di "L ap enpòtan anpil pou nou kenbe konfyans kliyan nou yo nan pwodui nou ofri nan magazen ak sou entènèt nan Walmart.com, sitou pandan moman ensèten sa a kote kliyan yo konsantre nan chwa pou ede fanmi yo ak kominote yo an sekirite." “Konfyans kliyan nou yo se yon gran rezon ki fè nou gen politik sevè pou kontwole pwodui nou ka vann sou Walmart.com epi nou te devlope politik pou vandè ak pwodui yo responsab pou vann sèlman pwodui dezenfektan ki satisfè rekòmandasyon EPA yo."

Carletta Ooton, ki se Vis Prezidan, Sekirite, Dirabilite, Sekirite ak Konfòmite nan Amazon te di "Nou akeyi Administratè Wheeler ak kolaborasyon EPA a ak vijilans yo kontinye fè nan domèn sa a. "Amazon mande pou vandè bay bonjan enfòmasyon sou paj detay yo epi nou gen pwosesis nan plas pou bloke reklamasyon ki kòrèk sou COVID-19 yo kòmsadwa. Epi tou nou te devlope zouti espesifik pou COVID-19 ki pase 24/7 ak eskanè pou nenpòt ki move reklamasyon premye blòk nou an gendwa te rate. Ansanm, efò nou yo te bloke oswa retire plis pase 6.5 milyon pwodui epi nou kore efò EPA, DOJ, ak lòt patnè federal yo nètalkole pou pouswiv move moun k ap fè zak malonèt sa yo."

"Priyorite nou nan eBay rete asire sekirite kliyan ak anplwaye nou yo atravè mond lan. Mike Carson, Direktè, Jesyon Politik ak Reglemantasyon Global nan Ebay te di "Nou te swiv avèk anpil atansyon pandemi kowonaviris (COVID-19) la epi nou te pran gran mezi pou bloke oswa retire byen vit pwodui danjere ki nan mache nou an, moun k ap fè fo reklamasyon, oswa moun ki pa respekte politik nou pou pa ogmante pri yo twò wo. "Nou pataje enkyetid EPA a pou pwoteje konsomatè yo epi nou pral  kontinye kolabore ak yo nan pwoblèm enpòtan sa a."

Selon konsèy, plent, ak rechèch, ajans lan te idantifye pwodui ki pa te pase nan pwosesis enskripsyon sevè EPA a Lwa Federal Ensektisid, Fonjisid, ak Rodantisid la (Federal Insecticide, Fungicide, and Rodenticide Act, FIFRA) a epi ki pa legal pou vann Ozetazini. Pwodui ilegal ki pa anrejistre yo ap di yo ka batay kont viris, kont bakteri, yo ka dezenfekte, oswa esterilize. Enskripsyon EPA se yon pwosesis enpòtan ki asire pwodui yo travay jan yo reklame a epi itilizatè yo bay direksyon ki, lè yo suiv yo, reyalize fonksyon yo gen entansyon an, tankou, dezenfeksyon, pandan y ap anpeche move konsekans nan sante ak anviwònman an.    

EPA anrejistre sèlman pwodui ki te pwouve yo touye nouvo kowonaviris la sou sifas yo. Pwodui ki pa anrejistre ka pa elimine viris la oswa diminye pwopagasyon viris la yon fason efikas e li ka menm danjere pou sante konsomatè yo. Konsomatè yo ta dwe gade nan "Lis N" pou dezenfektan ki anrejistre nan EPA ajans la te detèmine ki san danje epi ki efikas kont nouvo kowonaviris la.

Nan apèl la yo te pale tou sou jefò EPA pou travay ak detayan ak mache tyès pati pou asire yo se sèlman pwodui dezenfektan ki san danje, ki efikas, epi ki apwouve ki disponib pou vann bay piblik Ozetazini an. EPA ap kowòdone tou ak Depatman Lajistis Etazini ak lòt patnè federal pou pote tout fòs lalwa a kont moun k ap vann pwodui ki fo oswa ki pa anrejistre.

Sa ki anba la a se yon lis kèk nan pwodui anrejistre ki te idantifye yo. EPA anjeneral aplike FIFRA ak lòd pou sispann vann avèk sanksyon ki otorize anba lwa a. Ajans lan pa ka fè kòmantè sou okenn ankèt k ap fèt nan moman an, men li bay enfòmasyon ki anba a pou asire Ameriken yo gen plis enfòmasyon posib pou ede yo pwoteje tèt yo kont COVID-19.

·         Kòdon ki di yo pwoteje moun ki poze yo kont kowonaviris

·         Virus Shut Out - Portable Protection Card - Virus Protection and Personal Health (5 PCS)”

·          “Air Sterilization Card Disinfection Lanyard Protection Card Household Outdoor Antibacterial Sterilization Health Care

·         Tablèt dezenfeksyon ki pa anrejistre

·         “Epidemic prevention Chlorinating Tablets Disinfectant Chlorine Tablets Swimming Pool Instant Disinfection Tablets Chlorine Dioxide Effervescent Tablet Chlorine Disinfectant 100g Cozy apposite Fun Suit

·         “The Flu Virus Buster, CLO2 Disinfection Sticker, Removable sterilize air purifier, Anti COVID-19, Stop Coronavirus disease infection /Influenza Buster Disinfectant 1 Box / 10 Tablets

·         Espre dezenfektan ki pa anrejistre

·         “Fullene silver antibacterial solution/24 Hour Defense Hand Sanitizer Disinfectant Spray Against Corona Virus COVID- 19 Kills 99.99% Of Germs Bacteria 24 Hours Of Lasting Protection Alcohol Free 50ml (1.7 fl. oz)

·         Ti sèvyèt mouye dezenfektan ki pa anrejistre

·         “99.9% Sterilization Wipes/16/32/48/64/96pcs Sterilization Rate of 99% Disinfection Wet Wipes and Paper Napkin Prevention of Coronavirus

Plis enfòmasyon: www.epa.gov/coronavirus

Enfòmasyon Jeneral

Selon Lwa Federal Ensektisid, Fonjisid, ak Rodantisid la (Federal Insecticide, Fungicide, and Rodenticide Act, FIFRA), pwodui ki fè reklamasyon yo touye oswa repouse bakteri oswa viris sou sifas nan anviwònman yo konsidere kòm ensektidi epi yo dwe anrejistre nan EPA anvan yo distribye oswa vann yo. Reklamasyon sante piblik ka fèt sèlman pou pwodui ki te teste epi ki anrejistre ak EPA. Ajans lan pa pral anrejistre yon pestisid jiskaske li te detèmine li pa pral poze yon risk rezonab lè yo itilize li dapre enstriksyon ki sou etikèt la. Pwodui ki pa anrejistre nan EPA yo ka danjere pou sante moun, lakòz efè negatif sou sante, epi yo ka pa efikas kont pwopagasyon viris oswa lòt ajan patojèn.