An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Avi Konsènan Soumisyon "Sou Papye" bay EPA Pandan Ijans Nasyonal COVID-19 LA

12 me 2020

Pandan peryòd ijans nasyonal akòz COVID-19 la, EPA ap pran aksyon yo pwoteje sante ak sekirite mendèv nou an pandan nap aplike plan pou asire nou reyalize responsablite nou gen misyon nou an. Ajans la ap pote anpil atansyon ak konsèy biwo Jesyon Manm Pèsonèl la, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, ak lòt ajans federal ansanm ak patnè sante piblik eta ak lokal nou yo.  

Selon konsèy CDC ak OPM yo ak gid espesifik eta nan biwo rejyonal nou yo, mendèv EPA a te jwenn otorizasyon pou fè travay a distans pou evite moun bay ak pran  kowonaviris la. Pandan mendèv la ap travay a distans, gen limit pratik sou kapasite manm pèsonèl la pou kolekte, ak pou manm pèsonèl Ajans la reponn, kesyon "sou papye" yo voye pa lapòs dirèkteman nan biwo Ajans yo. Se poutèt sa, toutotan mendèv la poko retounen pou travay nan biwo yo, nou rekòmande, nan mezi li posib, pou w voye nenpòt korepondans bay Ajans la nan imèl nou an atravè Enfòmasyon pou kontakte nou an.  Men tanpri sonje, gen yon eksepsyon:  L ap pi bon si nou soumèt demann FOIA pou Ajans la  nan FOIAonline, sitou pandan peryòd sa a.

Anplis, si w ap soumèt aplikasyon pou pèmi oswa kòmantè sou pwopozisyon ajans oswa lòt aksyon Ajans la te mande kòmantè piblik, tanpri swiv enstriksyon yo bay nan règleman ki aplikab yo oswa nan demann Ajans lan pou kòmantè.  Nou ankouraje soumèt dokiman w yo pa mwayen elektwonik, epi an plis nenpòt kopi ki obligatwa pou soumèt, men si ou pa kapab soumèt yo pa mwayen elektwonik oswa ou bezwen lòt asistans, tanpri moun yo mete pou kontakte sou avi a oswa règleman an oswa, si yo pa mete li, imèl oswa nimewo telefòn kontak jeneral ki responsab pou pwogram EPA a.

EPA pran angajman pou kontinye fè travay kritik nou yo nan non piblik ameriken an pandan n ap pwoteje sante ak sekirite piblik la ak fanmi anplwaye EPA yo lè yo pran mezi responsab pou anpeche bay ak pran kowonaviris la. Mèsi pou koperasyon ou ak konpreyansyon ou.

Si ou bezwen èd nan yon lang ki pa angle oswa si ou gen yon andikap ki bezwen yon aranjman rezonab gratis, tanpri kontakte moun yo mete imèl oswa telefòn li pou kontakte a.