An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Dis Bagay Ou Dwe Konnen sou Mwazisi

(Ten Things You Should Know about Mold)

(Enfòmasyon asosye an Anglè)

  1. Efè potansyèl sou sante ak sentòm ki asosye ak ekspozisyon ak mwazisi yo enkli reyaksyon alèjik, opresyon ak lòt pwoblèm respiratwa.
  2. Pa genyen okenn fason pratik pou elimine tout mwazisi ak spò mwazisi nan anviwònman anndan kay la; fason pou kontwole kwasans mwazisi anndan kay la se kontwole imidite.
  3. Si mwazisi se yon pwoblèm lakay ou oswa nan lekòl ou, ou dwe netwaye mwazisi a epi eliminie sous imidite yo.
  4. Repare sous pwoblèm dlo oswa fwit la pou anpeche kwasans mwazisi.
  5. Redwi imidite anndan kay la (jiska 30-60%) pou diminye kwasans mwazisi a pandan w ap:
    • Vantile saldeben yo, sechwa ak lòt sous ki jenere mwazisi yo deyò
    • Itilize èkondisyone ak yon aparèy pou retire imidite
    • Ogmante vantilasyon
    • Itilize vantilatè echapman nenpòt lè w ap fè manje, w ap lave veso epi nenpòt lè w ap netwaye
  6. Netwaye epi seche tout materyèl konstriksyon ak mèb ki imid oswa mouye nan delè 24-48 èdtan pou anpeche kwasans mwazisi.
  7. Netwaye sifas di yo ak dlo ak detèjan, epi seche yo nèt. Materyèl absòban tankou kawo nan plafon, ki kreye mwazisi, gendwa bezwen ranplase.
  8. Anpeche kondansasyon: Redwi potansyèl kondansasyon sou sifas ki frèt yo (sètadi fenèt, tiyo, mi deyò kay, twati oswa planche) pandan w ap ajoute izolan.
  9. Nan zòn kote ki toujou genyen yon pwoblèm mwazisi, pa enstale tapi (sètadi bò fontèn dlo, bò evye saldeklas yo, oswa sou planche an beton ki genyen fwit oswa kondansasyon souvan).
  10. Ou ka jwenn mwazisi nenpòt kote; yo ka grandi pratikman sou tout materyo, depi genyen imidite. Genyen mwazisi ki ka grandi sou bwa, papye, tapi, ak sou manje.