An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA ap Pran Mezi pou Asire Gen Pwodui Dezenfektan ki Disponib ou Itilize Kont Nouvo Kowonaviris la

31 mas 2020

Enfòmasyon Kontak: 

press@epa.gov

WASHINGTON - Jodi a, Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency EPA) Etazini ap pran plis mezi pou ede fasilite pwodiksyon ak disponiblite dezenfektan ki anrejistre nan EPA yo. EPA pral tanporèman pèmèt manifaktirè sèten dezenfektan ki deja anrejistre ak EPA jwenn sèten engredyan aktif nan nenpòt sous nan san yo pa tcheke ak ajans la avan. Sa aplike sèlman pou pwodwi ki sou lis N EPA a: Dezenfektan pou Itilize Kont SARS-CoV-2 Nou deside pran mezi sa a apre anons semèn pase konsènan  Aksyon similè EPA konsènan sèten engredyan.

 Alexandra Dapolito Dunn, ki se Asistan Administratif Biwo EPA pou Sekirite Pwodui Chimik ak Prevansyon Polisyon te di "Li enpòtan anpil pou rezèv dezenfektan ki enskri ak EPA yo kenbe ak demann pou pwodui sa yo. "Lè nou pran mezi sa yo, EPA ap pwoteje piblik la pi byen paske li asire gen dezenfektan ki disponib pou pwoteje kont nouvo kowonaviris la."

Bryan Zumwalt, Vis Prezidan Egzekitif Afè Piblik, Asosyasyon Mak Konsomatè te di "Nou apresye patenarya EPA kontinye genyen ak nou pandan nou tout ap travay ansanm pou kenbe chèn lojistik pou pwodui netwaye yo kontinye yon fason efikas, sitou pou dezenfektan nan lopital, fabrikan ak konsomatè ki bezwen pwoteje tèt yo kont pwopagasyon kowonaviris."

Steve Caldeira, Prezidan ak Direktè Asosyasyon Pwodui Kay ak Pwodui Komèsyal yo te di "Nou felisite EPA pou jan li te aji vit pou retire baryè reglemantè pandan moman difisil sa yo. "Angajman EPA ki te kontinye ak fabrikan dezenfektan yo te enpòtan anpil pandan n ap travay ansanm pou pwoteje sante piblik."

EPA anjeneral ap mande pou fabrikan dezenfektan yo aplike avan pou apwobasyon EPA epi resevwa apwobasyon sa a avan yo fè yon chanjman nan sous engredyan aktif yo. Anba amannman sa a, fabrikan yo ka pran engredyan sèten aktif soti nan men lòt founisè, enfòme EPA, epi kòmanse pwodiksyon imedyatman, depi fòmilasyon an ap chimikman menm ak fòmilasyon nou gen kounye a. Sa ap ede soulaje pwoblèm rapò chèn lojistik ak moun ki anrejistre ensektisid ki fabrike pwodui dezenfektan ou  Lis N EPA: Dezenfektan pou Itilize Kont SARS-CoV-2 (an anglè)

EPA pral evalye bezwen kontinyèl ak dimansyon amandman tanporè sa a regilyèman epi li pral mete li ajou si EPA detèmine gen modifikasyon ki nesesè.

Engredyan aktif ki kalifye yo se:

  • Asid sitrik
  • Etanòl
  • Asid glikolik
  • Idwochlorik
  • Asid Ipoklò
  • Idwojèn Oksijene
  • Asid Laktik L
  • Ipoklorit Sodyòm

Pestisid, ki gen ladan dezenfektan, ki gen engredyan ki  ni aktif ni inaktif (oswa inèt). Engredyan Aktif  yo anpeche, detui, repouse, oswa mitige yon pès, nan ka SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris ki bay COVID-19 a. Lwa federal rele tout lòt engredyan yo engredyan inèt. Yo enpòtan pou pwodui a mache byen ak pou yo itilize li.

Li amannman tanporè a nan: www.epa.gov/pesticide-registration/prn-98-10-notifications-non-notifications-and-minor-formulation-amendments (an anglè)

Pou enfòmasyon sou EPA sou COVID-19 an anglè: www.epa.gov/coronavirus

Pou plis enfòmasyon sou COVID-19 nan lòt lang: www.epa.gov/lep