An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA apwouve premye pwodwi dezenfektan pou sifas ki teste sou viris SARS-CoV-2 an

07/06/20

Enfòmasyon pou kontak: Biwo Laprès EPA (press@epa.gov)

WASHINGTON (6 Jiyè 2020) — Pandan tout ijans sante piblik COVID-19 la, Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) te travay pou founi piblik Ameriken an enfòmasyon sou fason pou tiye nouvo kowonaviris la, SARS-CoV-2, sou sifas yo yon fason ki san danje epi ki sekirize. Semèn pase, EPA te apwouve de pwodwi, Lysol Disinfectant Spray (Nimewo Anrejistreman EPA 777-99) ak Lysol Disinfectant Max Cover Mist (Nimewo Anrejistreman EPA 777-127), selon tès laboratwa ki montre pwodwi a efikas kont SARS-CoV-2.

“EPA bay tèt li nan idantifye nouvo zouti epi founi enfòmasyon ki ajou epi ki presi pou ede piblik Ameriken an pwoteje tèt yo ak fanmi yo kont nouvo kowonaviris la,” se sa Administratè EPA a Andrew Wheeler te deklare. “Revizyon EPA te fè sou pwodwi ki teste kont viris sa a make yon etap esansyèl ki enpòtan nan tout apwòch gouvènman Prezidan Trump lan pou lite kont pwopagasyon COVID-19 la."

Anvan pwodwi pestisid yo ka legalman konfime yo ka tiye yon patojèn patikilye tankou SARS-CoV-2, konfimasyon an dwe otorize pa EPA selon yon revizyon done. Paske nouvo kowonaviris yo jeneralman pa disponib touswit pou tès laboratwa, EPA te etabli machaswiv pou Patojèn Viral Emèjan yo. (An Anglè)

Nan Janvye 2020, ajans lan te aktive machaswiv pou premye fwa kòm repons pou ijans sante piblik SARS-CoV-2 an. Machaswiv yo pèmèt fabrikan pwodwi yo bay EPA enfòmasyon, menm anvan yon epidemi, ki montre ke pwodwi yo efikas kont viris ki pi difisil pou tiye pase SARS-CoV-2. Nan machaswiv sa a ak revizyon ajans lan sou pwodwi ki fèk anrejistre yo, lis pwodwi EPA ki respekte kritè itilizasyon ajans lan kont SARS-CoV-2 (yo konnen tou sou non Lis N) gen ladan plis pase 420 pwodwi. Nan anpil ka, ajans lan te anmezi pou konfime yo nan sèlman 14 jou.

Semèn sa a, EPA te aktyalize antre pou de pwodwi ki sou Lis N lan pou montre ke kounyeya yo te teste yo dirèkteman kont SARS-CoV-2. Sa yo se premye pwodwi Lis N ajans lan te revize done laboratwa pou yo a epi apwouve deklarasyon etikèt kont SARS-CoV-2. EPA espere apwouve deklarasyon sa yo pou lòt pwodwi Lis N nan semèn k ap vini yo. 

Tout pwodwi ki sou Lis N EPA a respekte kritè ajans lan pou efikasite kont SARS-CoV-2. Lè w ap itilize yon dezenfektan anrejistre nan EPA, swiv machaswiv etikèt la pou yon itilizasyon ki san danje epi ki efikas. Asire w ke ou swiv tan kontak la, ki se kantite tan ou dwe wè sifans la mouye aklè. Li enfografi ajans lan sou fason pou itilize pwodwi sa yo. (an Anglè) 

Li enfografi ajans lan sou fason pou itilize pwodwi sa yo: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep/sis-etap-pou-itilize-dezenfektan-san-danje-epi-yon-fason-efikas

Lòt enfòmasyon anplis sou efò EPA pou kowonaviris an Anglè:  https://19january2021snapshot.epa.gov/lep/maladi-kowonaviris-2019-covid-19

Lòt enfòmasyon anplis sou efò EPA pou kowonaviris nan plizyè lang: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep