An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA Bay Konsomatè yo Lòt Opsyon Anplis pou Dezenfektan COVID-19 yo

EPA te apwouve plis pase 460 pwodwi k ap ede redwi pwopagasyon COVID-19

07/23/2020

Enfòmasyon pou Kontak: 

Biwo Laprès EPA (press@epa.gov)

WASHINGTON (23 Jiyè 2020)– Jodi a, Etazini. Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman an (Environmental Protection Agency, EPA) te ajoute 32 nouvo dezenfektan pou sifas nan Lis N lan, lis pwodwi ajans lan ki ta dwe touye SARS-CoV-2, nouvo kowonaviris la ki lakòz COVID-19.

“Depi premye jou a, priyorite EPA se pou bay piblik la aksè ki fasil nan enfòmasyon yo bezwen pou pwoteje tèt yo ak fanmi yo kont viris ki lakòz COVID-19 la,” se sa Administratè EPA a Andrew Wheeler te deklare. “Grasa efò nou yo pou elaji Lis N lan, n ap asire ke Ameriken yo genyen yon gran ansanm pwodwi ki apwouve pou netwaye ak dezenfekte sifas yo pou ede redwi pwopagasyon kowonaviris la.”

Dezenfektan yo ka kalifye pou antre nan Lis N lan nan twa fason:

  1. Yo te teste pwodwi a kont kowonaviris SARS-CoV-2 an (COVID-19).
  2. Pwodwi a te demontre efikasite kont yon kowonaviris ki diferan ki sanble ak SARS-CoV-2 an (COVID-19).
  3. Pwodwi a te demontre efikasite kont yon patojèn ki pi difisil pou touye pase SARS-CoV-2 an (COVID-19). 

EPA te ajoute 32 nouvo pwodwi nan Lis N lan. Pwodwi sa yo te deja apwouve kòm pwodwi kont tibèkiloz. Alòske yo poko teste yo kont SARS-CoV-2, yo apwouve pou touye patojèn ki lakòz tibèkiloz la epi yo prevwa pou yo touye SARS-CoV-2 an (COVID-19) lè yo itilize yo selon etikèt la (kategori twa ki mansyone pi wo a).

Anpil pwodwi kont tibèkiloz se dezenfektan ki fò epi ki genyen yon long istwa itilizasyon pou netwaye lopital yo ak lòt etablisman swen sante yo. Lè y ap itilize pwodwi sa yo, li enpòtan anpil pou swiv machaswiv ki sou etikèt la, ki gen ladan deklarasyon sou prekosyon yo.

Yo gendwa fè piblisite epi vann pwodwi dezenfektan yo sou plizyè mak ak non pwodwi diferan. Pakonsekan, itilizatè Lis N yo dwe itilize de premye seksyon ki nan nimewo anrejistreman yon pwodwi lè y ap chèche Lis N lan, olyede non mak li. Pa egzanp, si EPA Reg. No. 12345-12 sou Lis N lan, ou ka achte EPA Reg. No. 12345-12-2567 epi konnen w ap jwenn yon pwodwi ki ekivalan. Pou jwenn plis enfòmasyon sou itilizasyon yon nimewo anrejistreman EPA pou chèche nan Lis N lan, gade FAQ nou an nan https://19january2021snapshot.epa.gov/lep/kesyon-ki-poze-souvan-konsenan-dezenfektan-ak-kowonaviris-covid-19

Pandan tout ijans sante piblik COVID-19 la, EPA te bay piblik Ameriken an enfòmasyon sou fason pou dezenfekte sifas yo kont SARS-CoV-2. Pou jwenn plis enfòmasyon sou repons EPA pou COVID-19, vizite: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep/maladi-kowonaviris-2019-covid-19.

Pou jwenn enfòmasyon EPA sou COVID-19 nan lòt lang yo, vizite: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep