An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA bay piblik ameriken an bon jan enfòmasyon sou kòman pou yo byen itilize dezenfektan

KONTAK: press@epa.gov
  

EPA bay piblik ameriken an bon jan enfòmasyon sou kòman pou yo byen itilize dezenfektan
 

WASHINGTON (23 avril 2020) — Jodiya, Ajans pou Pwoteksyon Anviwònmantal (Environmental Protection Agency, EPA) Etazini a ap kontinye bay bon jan enfòmasyon sou pwodui dezenfektan pou sifas yo ka itilize pou pwoteje lasante tout ameriken pandan ijans sante piblik COVID-19 la. Nan kad pou sipòte efò sa yo, koulye a EPA genyen prèske 400 pwodui kalifye ki efikas kont SARS-Cov-2, viris ki lakòz COVID-19 la. Semèn sa ajans lan te pibliye yon apèsi sou mezi ak resous ki gen rapò ak dezenfektan ki ka fè fas kare ak nouvo kowonaviris la. 

Alexandra Dapolito Dunn, ki se asistan administratè nan biwo EPA pou sekirite pwodui chimik ak prevansyon pou polisyon di: "EPA bay tèt li kòm misyon pou pwoteje sante moun epi nou vle pou chak ameriken gen aksè ak pwodui dezenfektan pou sifas ki apwouve epi efikas. Nou vle tout moun swiv enstriksyon ki sou pwodui yo pou nou ka byen itilize dezenfektan ki anrejistre yo epi bay fanmi nou bon jan pwoteksyon"

Lè w ap itilize pwodui dezenfektan ki anrejistre nan EPA yo sou sifas, toujou swiv enstriksyon yo epi sonje:

  • Pinga w janm pase pwodui a sou ou oubyen lòt moun. Pinga w vale okenn pwodui dezenfektan. Epitou pinga w mete okenn pwodui ki nan Lis N (Lis dezenfektan ajans lan di pou itilize kont SARS-C0V-2, viris ki ka lakoz COVID-19) nan manje dirèkteman.
     
  • Pa janm melanje pwodui chimik amwenske ou gen enstriksyon espesyal pou sa. Gen kèk konbinezon pwodui chimik k ap kreye asid ak gaz ki toksik anpil.
     
  • Lave sifas la ak savon epi dlo anvan ou mete pwodui dezenfektan si etikèt la mansyone pou mete anvan anvan-netwayaj la.
     
  • Swiv valè tan ou pran kontak ak pwodui ou a List N. Se valè tan sa sifas la sipoze rete mouye avidèy pou asire efikasite l kont viris la defwa sa kapab pran plizyè minit.
     
  • Lave men w pare ou fin itilize dezenfektan. Sa pral minimize jan ou ekspoze tèt ou a pwodui chimik ki nan dezenfektan an epi patojèn w ap eseye touye a.
     

EPA bay enfòmasyon anplis sou jan pou byen itilize dezenfektan mesaj li poste sou paj twitter li, @EPA ak @EPAChemSafety. Y ap mete chanèl sa yo ajou ak nouvo materyèl pandan peryòd kris COVID-19 nan.

EPA ap kontinye ajoute pwodui chimik nan lis engredyan danre ki pa nan aktivite  yo. Mezi sa yo pran pou ka ede adrese chenn estòk ki pou dezenfektan ki anrejistre ak EPA yo epi lòt pestisid.  Sa pèmèt fabrikan ki deja anrejistre pwodui yo ak EPA pou yo chanje sous ki gen lis engredyan sa yo.

Pou aprann plis sou dezenfektan, gade konsèy asosye nou, Sant Nasyonal pou Enfòmasyon sou Pestisid (National Pesticide Information Center), sou kòman pou itilize dezenfektan pou kontwole COVID-19:  http://npic.orst.edu/ingred/ptype/amicrob/covid19.html

Pou plis enfòmasyon sou kijan Ajans la ap fè fas kare ak Kowonaviris (COVID-19) nan plizyè lang, vizite: www.epa.gov/lep