An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA, CDC Soti Règleman sou kòman pou Netwaye ak Dezenfekte Espas kote Ameriken yo Viv, Travay, epi Distrè yo

Konsèy sa yo ap ede fasilite ak fanmi yo aplike règleman pou louvri nasyon an ankò

29 avril 2020

Enfòmasyon pou Kontakte: 

(press@epa.gov)

WASHINGTON (29 Avril 2020) - Jodiya, Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) Ozetazini ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) soti  konsèy ajou  pou ede operatè fasilite yo ak fanmi yo pou yo ka byen netwaye ak dezenfekte espas yo. Yo devlope ansanm ak Mezon Blanch lan, yon konsèy ki bay enstriksyon etap pa etap pou espas piblik yo, kote moun travay, biznis ak lekòl epi kay yo ki tonbe nan menm kategori ak Konsèy pou Louvri Ozetazini ankò (an angle)

Andrew Wheeler ki se Administratè EPA a di:" Konsèy sa yo ap bay ameriken yo bon jan enfòmasyon yo bezwen pou ki pou ede yo louvri peyi a ankò nan tout sekirite ki posib. Pwotokòl pou netwaye ak dezenfekte sa yo pral ede asire lasante ak sekirite pou tout moun ki nan kay yo, nan lekòl, biwo ak biznis nou yo".

Doktè Robert Redfield ki se Direktè CDC a di: "Bon netwayaj ki efikas ak dezenfektan enpòtan nan ede anpeche pwopagasyon COVID-19 nan. Pandan nasyon nou an re-louvri, konsèy sa enpòtan anpil pou ede ameriken yo retounen nan tout sekirite ki posib nan travay yo, lekòl yo ak aktivite yo fè chak jou nan kominote yo.

Espètiz EPA sou sekirite ak jan pou byen itilize dezenfektan yo kont viris ki koz COVID-19 nan te enfòme devlopman plan byen fèt sa. Konsèy sa ofri yon pwosesis an twa-etap pou prepare espas pou louvri nasyon an ankò:

  • Devlope yon plan.
  • Aplike plan an, epi
  • Kenbe epi revize plan an.

Netwaye ak dezenfekte sifas yo se de etap nan pwosesis santral ki enpòtan nan kalte efò k ap fèt pou redui tout danje ki ka espoze ou ak COVID-19 nan.

  • Netwaye: Itilize savon ak dlo pou wete mikwòb, pousyè,  salte ki sou sifas yo. Li bese danje pou pwopaje enfeksyon.
  • Dezenfekte: Itilize pwodui dezenfektan yo pou touye mikwòb ki sou sifas yo. Lè ou touye mikwòb ki sou sifas yo apre ou netwaye, li kapab bese  danje pou pwopaje enfeksyon.

EPA rasanble yon lis pwodui dezenfektan ki gen ladan l, espre-ki-pare pou yo itilize, konsantre, sèvyèt, ke yo kapab itilize kont COVID-19 nan. Toujou swiv etikèt ki bay enstriksyon sou pwodui yo, enfòmasyon pou sekirite kòm kite pwodui a pou lontan sou sifas yo pou lontan ase pou l ka touye mikwòb yo, rense pwodui  a pou evite vale l, epi mete pwodui a yon kote lwen pou timoun pa jwenn li imedyatman.

Epitou, evite itilize twòp, oubyen anpile dezenfektan yo oubyen ekipman pou pwoteje ou (tankou gan). Sa ka lakoz ou gaspiye pwodui a epi ou pap genyen pou itilize lè w bezwen an ijans. Nan ka kote pwodui dezenfektan an pa disponib nan lis EPA a, Konsèy la bay lòt teknik pou dezenfekte sifas ki efikas menm jan pou redui tout danje pou espoze tèt ou ak COVID-19 nan.

Konsèy la pa ranplase lòt mezi ke ou toujou bezwen pou ka redui danje pou espoze tèt ou ak COVID-19 nan. Li enpòtan pou kontinye pratike distans sosyal, pote mas pou kouvri figi ou, epi lave men anpil. Pandan n ap avanse nan louvri nasyon an ankò, kontinye swiv konsèy federal, eta, kominotè, teritoryal ak lokal yo.

Pou gade konsèy la, klike la: https://19january2021snapshot.epa.gov/coronavirus/guidance-cleaning-and-disinfecting-public-spaces-workplaces-businesses-schools-and-homes (in English). 

Pou enfòmasyon ki gen rapò ak EPA nan plizyè lang, klike la: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep