An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

EPA gen pou bay ekipman pwoteksyon pèsonèl sekouris eta ak lokal ki ap konbat COVID-19 nan tout peyi a

6 avril 2020

Enfòmasyon Kontak: 

Press@epa.gov

WASHINGTON (6 avril 2020) - Jodi a, Ajans Pwoteksyon Anviwonman (EPA) nan peyi Etazini te anonse li te idantifye apeprè 225,000 ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) ki disponib pou sipòte repons COVID-19.

Administratè Andrew Wheeler te di "EPA ap travay di pou sipòte sekouris nasyon nou an k ap riske pwòp sekirite yo pou konsève lavi pandan pandemi kowonaviris la" "Apre nou fin gade nan envantè ekipman pwoteksyon pèsonèl nou yo, nou te idantifye nou te gen kèk an plis epi nou te voye yo bay moun k ap goumen batay sa a nan premye liy yo. Nan EPA nou la pou ede nan nenpòt fason nou kapab e mwen ankouraje tout lòt moun pou yo fè menm bagay la. ”

Nan jou k ap vini yo, EPA ap devlope yon plan pou distribisyon rapid ekipman pwoteksyon disponib disponib nan FEMA oswa gouvènman eta ak lokal ki nan bezwen, ki ap travay COVID-19 operasyon yo. Pami atik yo se gan pwoteksyon jetab, ak rad pwoteksyon pou tout kò a.

EPA kenbe yon rezèv ekipman pwoteksyon pèsonèl kòm yon pati nan fonksyon repons pou ijans ajans la, tankou reponn a endidan pwodui chimik, petwòl, radyolojik, biyolojik ak ensidan ki gen danje ladan. EPA bay tou asistans repons adisyonèl lè sekouris eta  ak lokal yo itilize tout mwayen yo oswa yo mande plis sipò. Ajans lan idantifye ekipman pwoteksyon pèsonèl yo gen an plis apre te fin evalye konbyen ekipman yo t ap bezwen pou sipòte fonksyon esansyèl EPA yo.  EPA ap bay ekipman yo gen an plis yo pandan y ap toujou kenbe preparasyon pou repons ijans yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou patisipasyon EPA nan repons pou COVID-19, tanpri ale sou: https://19january2021snapshot.epa.gov/coronavirus.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou patisipasyon EPA nan repons pou COVID-19 nan plizyè lang, tanpri ale sou: https://19january2021snapshot.epa.gov/lep.