An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Ijans ak Kalite Lè Anndan Kay

(Emergencies and indoor air quality)

(Enfòmasyon asosye an Anglè

Preparasyon ak repons pou ijans meteyewolojik ak ijans ki lye ak moun patikilyèman enpòtan lè sa konsène anviwònman anndan kay la, paske moun pase plis nan tan yo anndan kay, epi itilize espas anndan kay pou abrite yo. Edike tèt ou konsènan fason pou prepare ak pou reponn ijans meteyewolojik ak ijans moun kreye ki afekte anviwònman anndan kay ka ede w pwoteje tèt ou ak fanmi w pandan w ap prezève kalite lè ki sen anndan kay.

Nan Paj Sa a:


Konsèy Jeneral

  1. Chèche yon radyo ki pran batri pou rete enfòme epi prepare w pou afwonte gwo kondisyon meteyewolijk nan zòn lokal ou an epi ou dwe genyen aksè ak yon telefòn si ta genyen yon ijans.
  2. Koute anons sèvis piblik ajans sante piblik lokal ak Eta a (Public Service Announcements, PSA) oswa kominike laprès ki konseye piblik la sou fason pou pwoteje sante w epi prepare kay ou si ta genyen gwo kondisyon meteyewolojik.
  3. Si posib, idantifye abri ijans yo alavans. Si kay ou an pa genyen kouran elektrik pandan yon peryòd tan ki long, ou ka vle fè aranjman pou rete nan yon abri ijans oswa yon lòt lye si sa posib.

Pàn Kouran

Deplizanplis, kay ak batiman Ozetazini yo fèt epi konstwi pou mentni anviwònman anndan kay ki sen epi ki konfòtab, san konsidere jan tan an ye deyò a. Pifò kay ak batiman yo itilize kouran elektrik pou ede kondisyon anndan kay la rete akseptab pou moun yo anndan kay la. Pàn kouran ki dire plis pase kèk èdtan souvan lakoz pa gwo evènman meteyewolojik, tankou tanpèt ak inondasyon, ka fè enpak negatif sou anviwònman anndan kay yo. Pa egzanp, san elektrisite, li gendwa difisil oswa enposib pou kontwole tanperati anndan kay la, epi si sistèm vantilasyon nan kay la oswa batiman an pa mache san kouran, kantite polyan ki anndan kay la ka ogmante. Sepandan, nan kèk ka, yo pran mezi pou ede konsève kalite lè ki anndan kay la san itilize elektrisite.

Enstale Alam pou Monoksid Kabòn (CO) pou Anpeche Anpwazonnman CO

Monoksid kabòn (CO), ki se yon gaz san odè ki envizib, ka soti nan divès aparèy konbistyon, tankou recho gaz, fou oswa griy babèkyou. CO ka akimile anndan kay epi ka rete pandan plizyè èdtan nan nivo ki elve ki ka lakoz gwo domaj e menm lanmò. Asire ke kay ou an ekip ak alam CO (yo), epi alam sa a (yo) byen evalye epi enstale epi li genyen yon ekran nimerik ak fonksyon bakòp pou batri. Komisyon Etazini sou Sekirite Pwodui Konsomatè (Consumer Product Safety Commission, CPSC) a rekòmande pou tout kay genyen alam CO nan chak nivo deyò chak espas pou dòmi. Alam CO yo disponib nan pifò magazen yo.

Louvri ak fèmen fenèt yo epi itilize kouvèti-fenèt tankou rido, store (shades) ak ovan pou ede redwi tanperati lè anndan kay la. Lè fenèt yo louvri, ou gendwa itilize twil pou anpeche ti bèt nwizib antre nan kay la. Sonje pou teni kont de sekirite kay ou tou lè fenèt yo louvri.

Si ou pa anmezi pou louvri fenèt ou yo, li gendwa posib pou jwenn ase vantilasyon si ou louvri pòt yo. Si ou pa kapab, ou ka gen pou demenaje. 

Aprann konsènan Enpak Monoksid Kabòn sou Kalite Lè Anndan Kay la 

Vantalilasyon ak Lonbraj Ka Ede Kontwole Tanperati Anndan Kay la

Open WindowGade yon gran imaj ki montre itilizasyon kouvèti-fenèt yo.

shutters on a windowPandan jounen an, kouvri fenèt yo ak store (shades) pou minimize yon ogmantasyon tanperati.

closing or opening the blindsGade yon imaj ki pi laj ki montre fenèt ak rido ki louvri.

Nan Kondisyon ki Tyèd oswa Cho:
Pandan jounen an nan kondisyon ki tyèd oswa cho, kouvri fenèt ki resevwa limyè solèy nan maten ak apremidi ki genyen store (shades) ki redwi kantite ogmantasyon tanperati lè anndan kay la. Ou ka itilize rido, store (shades), store ki genyen woulèt, ovan oswa pèsyèn pou kouvri fenèt ou yo. Ovan ak pèsyèn eksteryè yo ka redwi chalè ki antre nan yon kay plis pase store (shades) anndan kay la. Anjeneral, si lè ki deyò kay la pi cho pase lè ki anndan kay la, fèmen fenèt yo. Si lè ki deyò kay la pi fre, louvri store (shades) oswa rido yo, ak fenèt yo.

Nan Kondisyon ki Fre oswa Frèt:
Louvri rido ak store (shades) fenèt yo pandan lajounen pou ede chofe lè anndan kay la epi fèmen yo lannwit pou ede kenbe chalè a. Anjeneral, kite fenèt yo fèmen si lè deyò kay la pi fre pase lè ki anndan kay la.

Lè Anndan Kay ak Vantilasyon nan Sitiyasyon Gwo Tanperati: Byenke kite fenèt ak pòt yo fèmen gendwa ede konsève tanperati yo, nan kèk ka li gendwa nesesè pou louvri fenèt yo tou piti pou konsève kantite vantilasyon ki apwopriye. Note ke kèk kantite mouvman lè oswa enfiltrasyon (vantilasyon pasif) rantre natirèlman, paske lè pase nan ti ouvèti oswa fisi, fenèt ak pòt, pou ka toujou genyen yon ti kantite vantilasyon. Ti kantite vantilasyon sa a, sepandan, gendwa pa ase pou konsève vantilasyon ki apwopriye nan sitiyasyon gwo tanperati.

Echapman, oswa lafimen, ki soti nan yon jeneratris pòtab ka tiye w nan kèk minit si ou respire l!

Jeneratè Pòtab: Pandan pàn kouran, ou gendwa itilize jeneratris pòtab yo pou ede retabli kouran an pandan yon ti tan pou kèk aparèy ki esansyèl tankou frijidè, limyè ak vantilatè. Jeneratris pòtab ki itilize kabiran tankou gazolin, gaz natirèl oswa kewozèn disponib tout kote. Sepandan, si ou pa itilize yo kòrèkteman, yo ka vin yon danje paske jeneratris sa yo degaje lafimen ki toksik.

  • Itilize jeneratris pòtab deyò epi lwen batiman yo.
  • Pa itilize jeneratè pòtab anndan kay ou oswa nan garaj ou. Pa mete jeneratris pòtab sou balkon oswa toupre pòt, twou ayerasyon oswa fenèt. Pa itilize jeneratris pòtab toupre kote oumenm oswa timoun ou yo ap dòmi.

Itilize jeneratris pòtab DEYÒ epi lwen batiman an.

Sous Kouran ki Rechajab: Jeneratè/batri ki rechaje nan solèy disponib tou pou itilize pandan yon pàn kouran. Nan kèk zòn, sa gendwa yon chwa pratik pou alimante kèk ti aparèy. Anjeneral, yo mwens pwisan pase jeneratris ki itilize esans yo, epi yo bay alimantasyon sekou pandan yon peryòd tan ki pi kout.

Chofaj: Pandan yon pàn kouran, pa eseye chofe kay ou ak itilizasyon aparèy konbistyon ki enkli recho gaz oswa fou, griy babèkyou oswa sechwa. Pa janm itilize okenn aparèy chofaj ki boule gaz oswa lòt aparèy nan yon chanm ki fèmen oswa ki pa genyen van ditou, oswa kote w ap dòmi.

Fè Manje: Pa itilize babèkyou, hibachi, recho pou kan, oswa tout aparèy konbistyon ki pa vantile, oswa pou tout lòt itilizasyon anndan kay. Aparèy konbistyon yo pwodui lafimen ki toksik, ki enkli monoksid kabòn (CO). Byenke ou pa dwe itilize okenn aparèy konbistyon, genyen fason pou fè manje anndan kay pandan yon pàn kouran. Ou ka itilize yon fwaye ki vantile oswa yon recho bwa ki vantile oswa yon lòt recho ki pran kabiran, si li fèt pou kwit manje.

Limyè: Itilize flach oswa lantèn ki pran batri si yo disponib. Si ou ka itilize bouji, asire w ke zòn nan vantile paske bouji emèt pwodui konbistyon epi, si ou kite yon san kontwòl, yo ka kreye risk ensandi. Si yo disponib, itilize flach oswa lantèn ki pran batri alaplas bouji.

  • Li Plis Konsènan Jeneratris Pòtab yo (link to corresponding translated page)

Lòt Resous Anplis