An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Kesyon moun poze souvan sou Kowonaviris (COVID-19) ak lè andedan kay la

(Frequent Questions about Indoor Air and Coronavirus (COVID-19))

(Enfòmasyon asosye an Anglè)

Maladi Kowonaviris 2019 (COVID-19)

Nan paj sa a:

Èske yon Jeneratè Ozòn pral pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19?

Èske genyen konsèy HVAC ke pwofesyonèl batiman ak mentnans yo ka swiv pou ede pwoteje kont COVID-19?

Ki kote pwofesyonèl ki jere batiman lekòl, biwo, ak batiman komèsyal yo ka jwenn enfòmasyon sou vantilasyon ak filtrasyon pou reponn ak COVID-19 la?

Èske yon filtè lè oswa yon pirifikatè lè pral ede pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19 nan kay mwen?

Kijan mwen ka ogmante vantilasyon nan kay la pou ede pwoteje fanmi m kont COVID-19?

Èske itilizasyon yon sistèm HVAC nan kay mwen an ka ede pwoteje tèt mwen kont COVID-19?

Èske lè mwen itilize yon refwadisè evaporasyon (kèk moun konnen sou non “refwadisè marekaj”) oswa yon vantilatè pou tout kay la ede pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19?

Ki kalite filtè mwen ta dwe itilize nan sistèm HVAC mwen an pou ede pwoteje fanmi m kont COVID-19?

Èske lè mwen itilize yon èkondisyone fenèt sa pral ede pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19?

Èske vantilasyon enpòtan pou kalite lè andedan lè m ap netwaye ak/oswa lè m ap dezenfekte andedan pou COVID-19?

Èske yon Jeneratè Ozòn pral pwoteje mwen menm ak fanmi m de COVID-19?

Non, pa itilize jeneratè ozòn nan espas ki okipe yo. Lè yo itilize nan konsantrasyon ki pa depase nòm sante piblik yo, ozòn ki aplike nan lè anndan kay pa retire viris, bakteri, mwazi, oswa lòt polyan biyolojik yo yon fason efikas. Vizite sit entènèt Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi pou pi bon pratik pou pwoteje oumenm ak fanmi w.

Top of Page

Èske genyen konsèy HVAC ke pwofesyonèl batiman ak mentnans yo ka swiv pou pwoteje de COVID-19?

Sosyete Ameriken pou Chofaj (American Society of Heating), Enjenyè Refrijerasyon ak Lè Kondisyone (Refrigerating and Air-Conditioning Engineers, ASHRAE) te devlope konsèy pwo-aktif pou ede fè fas ak enkyetid maladi kowonaviris 2019 la (COVID-19) pou sa ki konsènen operasyon ak mentnans sistèm chofaj, vantilasyon ak lè kondisyone.  Li konsèy ASHRAE a. (An Anglè)

Top of Page

Ki kote pwofesyonèl ki jere batiman lekòl, biwo, ak batiman komèsyal yo ka jwenn enfòmasyon sou vantilasyon ak filtrasyon pou reponn ak COVID-19 la?

Pwofesyonèl ki itilize batiman lekòl, biwo, ak batiman komèsyal yo ta dwe konsilte konsèy Sosyete Ameriken pou Chofaj, Enjenyè Refrijerasyon ak Lè Kondisyone yo (ASHRAE) pou enfòmasyon sou vantilasyon ak filtrasyon pou ede redwi viris ki lakoz COVID-19 la. An jeneral, ogmantasyon vantilasyon ak filtrasyon plis apwopriye; sepandan akoz konpleksite ak divèsite tip batiman yo, gwosè batiman yo, ak estil konstriksyon yo, konpozan sistèm HVAC yo, ak lòt karakteristik batiman yo, yon pwofesyonèl ta dwe entèprete machaswiv ASHRAE yo pou batiman ak sikonstans espesifik yo. Vizite sit entènèt ASHRAE a pou lòt enfòmasyon anplis.  (An Anglè)

Top of Page

Èske yon filtè pou lè oswa yon pirifikatè lè pral pwoteje mwen menm ak fanmi m de COVID-19 lakay mwen?

Lè yo byen itilize, pirifikatè lè yo ka redwi kontaminan ki nan lè ki enkli viris nan yon kay oswa nan yon espas konfine. Sepandan, poukont li, yon filtè pòtab pou lè pa ase pou pwoteje moun de COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, itilizasyon yon filtè pou lè ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w. 

Vizite sit entènèt Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi yo pou plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje fanmi w de COVID-19.

Li “Gid pou filtè pou lè nan kay” EPA a pou jwenn enfòmasyon sou plasman ak itilizasyon yon filtè pòtab pou lè. (an Anglè)

Top of Page

Kijan mwen ka ogmante vantilasyon nan kay la pou pwoteje fanmi m de COVID-19?

Asire bon jan vantilasyon ki genyen lè eksteryè se yon pi bon pratik estanda pou amelyore kalite lè anndan kay la. Sepandan, poukont li, ogmantasyon vantilasyon pa ase pou pwoteje moun de COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, ogmantasyon vantilasyon ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w.

Pou ogmante vantilasyon nan kay ou, ou ka:

  • Louvri fènèt yo, oswa pòt ki genyen twil yo, si posib
  • Itilize yon lè kondisyone pou fenèt ki genyen yon rantre oswa twou ayerasyon eksteryè, ki genyen twou ayerasyon an ki louvri (kèk lè kondisyone pou fenèt pa genyen rantre lè eksteryè)
  • Louvri rantre lè pou fenèt sistèm HVAC a, si pa w la genyen youn (anpil nan yo pa genyen). Konsilte manyèl HVAC ou an oswa yon pwofesyonèl HVAC pou jwenn detay.
  • Itilize yon vantilatè pou saldeben lè l ap itilize epi toujou fè sa, si posib

Evite aksyon sa yo lè polisyon lè eksteryè a wo oswa lè lakay ou fè twò frèt, cho, oswa imid. Pou plis enfòmasyon sou ogmantasyon vantilasyon nan kay yo, li konsèy rezidansyèl de Sosyete Ameriken pou Chofaj, Enjenyè Refrijerasyon ak Lè Kondisyone yo (ASHRAE). (An Anglè)

Top of Page

Èske itilizasyon yon sistèm HVAC nan kay mwen an ka ede pwoteje tèt mwen de COVID-19?

Poukont li, itilizasyon sistèm HVAC ou an pa ase pou pwoteje oumenm ak fanmi w de COVID-19. Sepandan, lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, itilizasyon sistèm HVAC a ka fè pati yon plan pou pwoteje oumenm ak fanmi w, paske itilizasyon sistèm HVAC a filtre lè a pandan l ap sikile.

Si ou genyen yon sistèm HVAC:

  • Itilize vantilatè sistèm nan pandan plis tan, oswa kontinyèlman, paske sistèm HVAC yo filtre lè a sèlman lè vantilatè a ap itilize. Anpil sistèm ka regle pou itilize vantilatè a menm lè pa genyen okenn chofaj oswa refwadisman.
  • Verifye pou asire ke filtè a an plas yon fason ki kòrèk epi panse pou chanje filtè a pou genyen yon filtè ki genyen plis efikasite oswa yon filtè ki genyen plis klasman ke vantilatè sistèm ou an ak fant filtè ou an ka akomode ak li (konsilte manyèl HVAC a oswa yon pwofesyonèl HVAC pou jwenn plis detay).
  • Louvri rantre lè eksteryè a, si sistèm ou an genyen youn (se pa tout sistèm nan kay ki genyen l). Konsilte manyèl HVAC ou an oswa yon pwofesyonèl HVAC pou jwenn detay.

Vizite sit entènèt Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi yo pou plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje fanmi w de COVID-19.

Li “Gid pou filtè pou lè nan kay” EPA a pou plis enfòmasyon sou plasman ak operasyon yon filtè pòtab pou lè. (an Anglè)

Top of Page

Èske lè mwen itilize yon refwadisè evaporasyon (kèk moun konnen sou non “refwadisè marekaj”) oswa yon vantilatè pou tout kay la ede pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19?

Refwadisè evaporasyon (oswa “refwadisè marakaj”) ak vantilatè pou tout kay la ka ede pwoteje moun ki andedan kay la kont transmisyon COVID-19 la nan lè a paske yo ogmante vantilasyon avèk lè deyò a pou refwadi espas andedan an. Yo itilize refwadisè evaporasyon yo nan klima ki sèch yo. Yo itilize dlo pou bay refwadisman ak pou ogmante imidite ki andedan an. Lè l ap fonksyone jan ki prevwa a avèk fenèt ki louvri, aparèy sa yo pwodwi gwo ogmantasyon vantilasyon avèk lè deyò a. Kèk refwadisè evaporasyon ka opere san itilize dlo lè tanperati a pi dous, pou ogmante vantilasyon andedan an. Evite itilize refwadisè evaporasyon yo si polisyon lè eksteryè a wo epi sistèm lan pa genyen yon filtè ki wotman efikas.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou chwa ak itilizasyon refwadisè evaporasyon yo, ale nan paj entènèt Depatman Enèji a pou refwadisè evaporasyon yo. (An Anglè)

Epitou yo itilize vantilatè pou tout kay la jeneralman pou bay refwadisman paske li rale lè atravè fenèt ak pòt ki louvri yo epi jete lè sa a atravè twati kay la. Lè yo fonksyone jan ki prevwa a, avèk fenèt ki louvri, aparèy sa yo pwodwi gwo ogmantasyon vantilasyon avèk lè deyò a nan tout kay la. Evite itilize vantilatè pou tout kay la si polisyon lè deyò a wo anpil.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou chwa ak itilizasyon vantilatè pou tout kay la, ale nan paj entènèt Depatman Enèji a sou vantilatè pou tout kay la. (An Anglè)

Sepandan, yon refwadisè evaporasyon poukont li oswa yon vantilatè pou tout kay la pa ase pou pwoteje moun kont COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, itilizasyon yon refwadisè evaporasyon oswa vantilatè pou tout kay la ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w.

Top of Page


Ki kalite filtè mwen ta dwe itilize nan sistèm HVAC mwen an pou ede pwoteje fanmi m kont COVID-19?

Valè Rapò Efikasite Minimal yo, oswa MERV (Minimum Efficiency Reporting Values), endike kapasite yon filtè pou kapte patikil yo. Filtè ki genyen klasman MERV-13 oswa klasman ki pi wo ka kenbe patikil ki pi piti, ki enkli viris. Anpil nan sistèm HVAC pou kay yo pral genyen yon filtè MERV-8 ki enstale alavans. Itilizasyon yon filtè klasman MERV-13, oswa yon filtè ki genyen yon pi gran klasman ke vantilatè ak fant filtè sistèm HVAC ou an ka pran, ka amelyore efikasite sistèm lan pou retire viris nan lè a k ap sikile a. Anvan yo fè nenpòt chanjman nan filtè lè ki nan yon sistèm HVAC, itilizatè yo dwe konsilte manyèl HVAC yo oswa yon pwofesyonèl HVAC.  

Asire ke filtè HVAC a plase kòrèkteman. Epitou panse pou itilize vantilatè sistèm lan pandan plis tan, oswa kontinyèlman, paske sistèm HVAC yo filtre lè a sèlman lè vantilatè a ap mache. Anpil sistèm ka regle pou itilize vantilatè a menm lè pa genyen okenn chofaj oswa refwadisman. Yon lòt mezi ki pral ede se louvri antre lè eksteryè a, si sistèm ou an genyen youn. Sepandan, se pa tout sistèm kay yo ki genyen.

Itilizasyon yon filtè HVAC amelyore pa ase poukont li pou pwoteje moun kont COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, yon filtè HVAC amelyore ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w.

Vizite sit entènèt Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi yo pou plis enfòmasyon sou fason pou pwoteje fanmi w kont COVID-19.

Li “Gid pou filtè lè nan kay” EPA a pou jwenn plis enfòmasyon sou plasman ak operasyon yon filtè pòtab pou lè. (An Anglè)

Top of Page


Èske lè mwen itilize yon èkondisyone fenèt sa pral ede pwoteje mwenmenm ak fanmi m kont COVID-19?

Yo itilize èkondisyone pou fenèt yo (AC) pou refwadi espas byen presi andedan epi kèk nan yo kapab ede redwi viris nan lè a si yo genyen yon antre lè deyò ak/oswa yon filtè MERV-13 oswa yon meyè filtè. Konne li pa kouran pou inite AC yo genyen antre lè ki sot deyò a. Si èkondisyone fenèt ou an genyen yon antre lè eksteryè, epi lè eksteryè a pwòp, lè sa ouvri antre a pou ede ogmante vantilasyon avèk lè ki sot deyò, sa ki ede redwi tout viris ki nan lè a.

Anplis de sa, nan kèk inite, lè a kapab pase atravè filtè yo ofiramezi l ap deplase atravè èkondisyone a. Pou redwi viris ki nan lè a, filtè sa yo bezwen genyen yon klasman MERV-13 oswa plis (oswa yon filtè ekivalan MERV-13 oswa plis). Verifye manyèl AC ou an pou jwenn plis enfòmasyon sou filtè yo pou inite ou an presizeman.

Sepandan, yon èkondisyone fenèt poukont li ki genyen antre lè ki sot deyò a ak/oswa yon filtè MERV-13 oswa yon meyè filtè pa ase pou pwoteje moun kont COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi a, itilizasyon yon èkondisyone fenèt ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w.

Top of Page


Èske vantilasyon enpòtan pou kalite lè andedan lè m ap netwaye ak/oswa lè m ap dezenfekte andedan pou COVID-19?

Vantilasyon enpòtan lè w ap netwaye ak dezenfekte pou COVID-19. Lè ou itilize pwodwi netwayaj ak pwodwi dezenfeksyon EPA anrejistre yo selon enstriksyon ki sou etikèt yo se pi bon fason pou asire ke ou redwi tout risk polisyon lè andedan yo pandan ou toujou ap mentni efikasite pwodwi pou dezenfeksyon an. An patikilye, swiv tout prekosyon ki sou etikèt la ki rekòmande pou mete ekipman pwoteksyon pèsonèl, tankou gan oswa pwoteksyon pou zye, ki fèt pou pwoteje itilizatè a kont pwodwi a. Kòm mezi pwoteksyon jeneral, pa melanje pwodwi netwayaj oswa pwodwi dezenfeksyon yo.

Anjeneral, ogmantasyon vantilasyon pandan ak aprè netwayaj la itil pou redwi ekspozisyon nan pwodwi ak sou-pwodwi netwayaj ak pwodwi dezenfeksyon yo. Ogmantasyon vantilasyon, pa egzanp lè ou louvri fenèt ak pòt, ka redwi risk ki nan patikil yo tou ki te an sispansyon pandan netwayaj la, ki genyen ladan patikil ki potansyèlman pote SARS-CoV-2 (oswa lòt kontaminan). Evite vantilasyon avèk lè deyò a lè polisyon lè deyò a wo oswa lè li fè kay ou fè twò frèt, cho, oswa imid. Tcheke AirNow pou jwenn enfòmasyon konsènan polisyon lè deyò a toupre ou.(An Anglè)

Sepandan, netwayaj, dezenfeksyon ak vantilasyon poukont yo pa ase pou pwoteje moun kont COVID-19. Lè yo itilize ansanm ak lòt pi bon pratik ki rekòmande pa Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi, netwayaj, dezenfeksyon ak vantilasyon ka fè pati yon plan pou pwoteje tèt ou ak fanmi w. 

Top of Page