An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Kowonaviris avèk Dlo Pòtab ak Dlo Ize

[Coronavirus and Drinking Water and Wastewater]

Enfòmasyon ki gen rapò ak li nan lang angle.

Pa gen pi gwo priyorite pou EPA pase pwoteje sante ak sekirite Ameriken yo. EPA ap bay enfòmasyon enpòtan konsènan COVID-19 sa yo pa rapò ak sou dlo pòtab ak dlo ize sa yo pou klarifye bagay yo pou piblik la. Yo pa te detekte viris COVID-19 la nan rezèv dlo pòtab yo. Selon prèv nou gen nan moman an, risk pou rezèv dlo yo ba. Ameriken yo ka kontinye itilize ak bwè dlo pòtab yo kòm dabitid. Epit tou, EPA ankouraje piblik la pou yo floche sèlman papye twalèt pou ede kenbe plonbri nan kay la ak enfrastrikti dlo nasyon nou an opere byen. Ou dwe jete sèvyèt mouye pou dezenfekte ak lòt pwodui nan poubèl, pa nan twalèt la.

Nan dat 27 mas 2020, Administratè EPA Andrew Wheeler te voye yon lèt bay Gouvènè nan tout 50 eta yo, teritwa yo, ak Washington, DC, kote li te mande pou otorite eta yo konsidere moun k ap travay nan zafè dlo ak dlo ize, ansanm ak fabrikatè ak founisè ki bay sèvis enpòtan ak materyèl nan sektè dlo a kòm travayè ak biznis esansyèl lè y ap adopte restriksyon bese pwopagasyon COVID-19. Enfrastrikti dlo kritik nou yo ak operatè li yo asire rezèv dlo a san danje nan kay ak lopital nou yo, epi yo depann sou pwodui chimik tretman, pwodui nan laboratwa ak machandiz ak materyèl ki gen rapò ak yo. Li lèt Administratè Wheeler nan dat 27 mas 2020 bay Gouvènè Ameriken yo (PDF). 

Ajans lan te bay yon modèl  eta, lokalite ak sèvis piblik dlo  yo ka itilize pou bay dokiman yo bay travayè yo konsidere kòm esansyèl: Modèl Sèvis Dlo: Pandemi COVID-19 (DOCX)(2 paj, 31 K, 3 avril 2020)

Epitou, EPA tou eta ak vil ki deja pran mezi aktif pou asire kontinye gen aksè nan dlo pwòp pou bwè ak lave men pandan pandemi COVID-19 la. Anpil sistèm dlo pou bwè ap sispann koupe sèvis, restore sèvis pou kliyan sèvis yo te deja koupe, epi evite enpoze sanksyon pou moun ki pa te peye. EPA rekòmande pou adope pratik sa yo toupatou, paske yo bay bonjan sipò kritik pou sante piblik.

Lòt enfòmasyon: