An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Lè Andedan ak Kowonaviris (COVID-19)

(Indoor Air and Coronavirus (COVID-19))

(Enfòmasyon asosye an Anglè)

Yo panse COVID-19 la pwopaje prensipalman atravè kontak sere de yon moun a yon lòt moun. Sepandan, jiskaprezan genyen ensètitid konsènan enpòtans relatif diferan wout transmisyon SARS-CoV-2, viris ki lakoz maladi kowonaviris 2019 la (COVID-19). Li klè deplizanpli ke viris la rete nan lè pandan plis tan ak plis distans pase yo te panse odepa. Anplis de kontak sere ak moun ki enfekte yo ak sifas ki kontamine yo, genyen yon posiblite ke pwopagasyon COVID-19 kapab rive tou pa mwayen patikil nan lè a nan anviwònman andedan, nan kèk sikonstans pi lwen pase distans 2 mèt (anviwon 6 pye) yo ankouraje ak rekòmandasyon distans sosyal yo. Gade Resous Syantifik ak Resous Teknik anrapò ak Lè Andedan ak Kowonaviris (COVID-19) oswa ​Referans ak Piblikasyon Kle sou Lè Andedan ak COVID-19 pou enfòmasyon teknik an Anglè.    

Sepandan, genyen kèk mezi senp nou ka itilize pou redwi transmisyon COVID-19 ki ka fèt nan lè a epi dokiman sa a konsantre sou mezi sa yo. Dispozisyon ak konsepsyon yon batiman, menm jan ak okipasyon ak tip chofaj, vantilasyon, ak sistèm èkondisyone (HVAC), yo tout ka potansyèlman fè enpak sou pwopagasyon viris la nan lè. Byenke amelyorasyon nan vantilasyon ak netwayaj lè poukont yo pa ka elimine risk transmisyon viris SARS-CoV-2 la nan lè, EPA rekòmande prekosyon pou redwi posiblite pou transmisyon viris la nan lè. Prekosyon sa yo genyen ladan ogmantasyon vantilasyon avèk lè deyò a epi filtrasyon lè nan kad yon pi gran estrateji ki genyen ladan distans sosyal, mete pwoteksyon pou vizaj ki fèt ak twal oswa mask, netwayaj ak dezenfeksyon sifas, lave men, ak lòt prekosyon. Mezi pou redwi ekspozisyon viris ki lakoz COVID-19 la nan lè poukont yo pa ase piske transmisyon nan lè a pa sèlman fason ekspozisyon nan SARS-CoV-2 la kapab rive.

Ou ka jwenn pi bon pratik Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) a rekòmande nan: 

Resous Anrapò ak Lè Andedan ak Kowonaviris (COVID-19) (an Anglè)

Tanpri konplete enfòmasyon sa yo avèk konsèy pi resan ki soti nan ajans eta a, ajans lokal, Tribal ak ajans federal yo.