An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Mwazisi ak Sante

(Mold and health)

Kijan mwazisi afekte moun?

Anjeneral mwazisi pa yon pwoblèm anndan kay, sof si spò mwazisi yo rive sou yon andwa ki imid oswa mouye epi kòmanse grandi. Mwazisi yo genyen kapasite pou lakoz pwoblèm sante. Mwazisi yo pwodui alèjèn (sibstans ki ka lakoz reyaksyon alèjik) ak iritasyon. Lè yon moun respire oswa touche mwazisi oswa

spò mwazisi yo sa gendwa lakoz reyaksyon alèjik nan moun ki sansib yo. Repons alèjik yo enkli sentòm ki sanble ak sentòm lafyèv, tankou etènye, nen k ap koule, zye wouj, ak gratèl leve sou po.

Reyaksyon alèjik ki lye ak mwazisi yo trè komen. Yo ka rive touswit oswa aprè kèk tan. Epitou mwazisi lakoz atak opresyon nan moun ki soufri opresyon epi ki alèjik ak mwazisi. Anplis, ekspozisyon ak mwazisi ka irite zye, po, nen, gòj, ak poumon nan moun ki alèjik ak mwazisi ak moun ki pa alèjik yo. Sentòm ki pa sentòm alèjik ak sentòm iritan yo pa jeneralman deklare aprè respirasyon mwazisi. Rechèch sou mwazisi ak efè li sou sante ap pouswiv toujou.

Sa yo ki pi wo a pa dekri tout efè potansyèl sou sante ki lye ak ekspozisyon nan mwazisi. Pou plis enfòmasyon, konsilte yon pwofesyonèl sante, depatman sante lokal oswa Eta ou an, oswa sit entènèt Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi sou mwazisi a. (an Anglè)