An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

Netwayaj Mwazisi nan Kay Ou

(Mold Cleanup in Your Home)

(Enfòmasyon asosye an Anglè

Yon Gid Brèf sou Mwazisi, Imidite ak Kay Ou

Li tout tiliv la (an Anglè):


Netwayaj Mwazisi

Si ou deja genyen yon pwoblèm mwazisi - AJI TOUSWIT. Mwazisi andomaje bagay li grandi sou li. Plis li grandi, se plis domaj l ap lakoz.

Fwit nan fenèt - mwazisi kòmanse pouri ankadreman an bwa ak arebò fenèt.

Moun ki dwe fè netwayaj la depann de yon kantite faktè. Yon konsiderasyon se gwosè pwoblèm mwazisi a. Si zòn ki genyen mwazisi a mwens pase 10 pye kare (mwens pase anviwon yon patch 3 pye pa 3 pye), nan pifò ka, ou ka jere travay la poukont ou, swiv Konsèy ak Teknik sou Mwazisi yo. Sepandan:

  • Si genyen anpil dega dlo, epi/oswa kwasans mwazisi a kouvri plis pase 10 pye kare, konsilte gid EPA a Remedyasyon Mwazisi nan Lekòl ak nan Batiman Komèsyal yo (an Anglè). Byenke li konsantre sou lekòl ak batiman komèsyal yo, dokiman sa aplike pou lòt tip batiman yo.
  • Si ou te chwazi anboche yon kontraktè (oswa lòt founisè sèvis pwofesyonèl) pou fè netwayaj la, asire w ke kontraktè a genyen eksperyans nan netwaye mwazisi. Verifye referans yo epi mande kontraktè a pou li swiv rekòmandasyon ki nan gid EPA a Remedyasyon Mwazisi nan Lekòl ak nan Batiman Komèsyal yo (an Anglè).
  • Si ou sispèk ke sistèm chofaj/vantilasyon/èkondisyone (HVAC) a kontamine ak mwazisi (sa fè pati yon pwoblèm mwazisi yo idantifye, pa egzanp, oswa genyen mwazisi toupre antre sistèm lan), konsilte Gid EPA Èske Ou ta Dwe Fè Netwaye Konduit Lè yo nan Kay Ou? (an Anglè) anvan ou adopte lòt mezi. Pa itilize sistèm HVAC a si ou konnen oswa ou sispèk li kontamine ak mwazisi - sa ka pwopaje mwazisi nan tout batiman an.
  • Si dlo ak/oswa dega mwazisi a te lakoz pa dlo ki itilize oswa lòt dlo ki kontamine, lè sa rele yon pwofesyonèl ki genyen eksperyans nan netwayaj ak reparasyon batiman ki andomaje pa dlo kontamine.
  • Si ou genyen enkyetid sou sante, konsilte yon pwofesyonèl swen sante anvan ou kòmanse netwayaj la.*

Anlè Paj


Konsèy ak Teknik

Konsèy ak teknik ki prezante nan seksyon sa a pral ede w netwaye pwoblèm mwazisi ou an. Netwayè pwofesyonèl oswa remedyatè yo gendwa itilize metòd ki pa prezante nan piblikasyon sa a. Tanpri konnen ke mwazisi gendwa pwovoke tach ak domaj kosmetik. Li gendwa pa posib pou netwaye yon atik pou retabli aparans orijinal li.

Kwasans mwazisi anba yon chèz jaden an plastik nan yon zòn dlo lapli koule atravè li epi depoze matyè òganik.

Kwasans mwazisi sou yon moso kawo plwafon.

  • Repare fwit plonbri ak lòt pwoblèm dlo osito sa posib. Seche tout atik yo nèt.
  • Fwote sifas ki genyen mwazisi yo ak detèjan ak dlo, epi seche yo nèt.
  • Materyèl ki genyen spò oswa ki absòban, tankou kawo nan plafon ak tapi, gendwa jete si yo vin genyen mwazisi. Mwazisi ka grandi sou yo oswa ranpli espas ki vid ak fisi materyèl pèmeyab, ki fè mwazisi ka difisil oswa enposib pou retire yo konplètman.
  • Evite ekspoze tèt ou oswa lòt moun ak mwazisi.
  • Pa pentire ni mastike sifas ki genyen mwazisi yo. Netwaye mwazisi a epi seche sifas yo anvan ou pentire. Penti ki aplike sou sifas ki genyen mwazisi yo gen plis chans pou dekale.
  • Si ou pa sèten konsènan fason pou netwaye yon atik, oswa si atik la chè oswa li genyen valè santimantal, ou ta dwe konsilte yon espesyalis. Espesyalis nan reparasyon mèb, restorasyon, penti, restorasyon ak konsèvasyon zèv atistik, netwayaj kapèt ak tapi, domaj dlo, ak restorasyon dife oswa dlo yo souvan ki endike nan anyè telefòn. Asire w ou mande epi ou verifye referans yo. Chèche espesyalis ki afilye ak òganizasyon pwofesyonèl yo.

Inondasyon ak Gwo Dlo

Pandan yon netwayaj nan ka inondasyon, kalite lè anndan nan kay ou oswa nan biwo ou gendwa pa sanble twò enpòtan pou ou. Sepandan, si ou pa rive retire materyèl ki kontamine yo epi redwi mwazisi ak imidite, sa ka prezante yon gwo risk sante alontèm. Dlo ki chita ak materyèl ki mouye se yon teren ki fètil pou mikwo-òganis, tankou viris, bakteri, ak mwazisi. Yo ka lakoz maladi, deklanche reyaksyon alèjik, epi kontinye andomaje materyèl yon pakèt tan aprè inondasyon an.

Pou aprann plis konsènan netwayaj pou inondasyon ak kalite lè anndan kay, vizite: Netwayaj pou Inondasyon ak Efè li sou Kalite Lè Anndan Kay. (An Anglè)