An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

News Releases

News Releases from Headquarters

EPA soutni preparasyon ak entèvansyon nan divès fason, ki genyen ladan

08/26/2020
Contact Information: 
Biwo Laprès EPA (press@epa.gov)

Washington (26 dawout 2020) - Fè Fas ak Mank Kabiran: Lwa Clean Air a pèmèt Administratè EPA a Wheeler, nan konsiltasyon ak Sekretè Enèji Brouillette, pou egzante kèk egzijans pou kabiran pou fè fas ak mank kabiran ki rive akoz ouragan an. Si Administratè Wheeler detèmine ke sikonstans ekstrèm ak inabityèl pou apwovizyònman kabiran egziste nan yon Eta oswa nan yon rejyon akoz ouragan an, yon egzansyon tanporè ka ede asire yon apwovizyònman gazolin ki apwopriye disponib nan zòn ki afekte a, sitou pou veyikil ijans yo. EPA genyen yon ekip ki eksperimante pou akselere tretman tout demann ke Eta yo fè pou egzansyon kabiran.

  • Siveyans Sistèm Dlo Piblik yo: Sistèm dlo yo kapab te sibi gwo enpak pandan ouragan yo akoz onn tanpèt yo, inondasyon, oswa pèt enèji. Komisyon Texas sou Kalite Anviwònman an ak Depatman Sante Lalwizyàn nan te telechaje nan sistèm swivi EPA a sistèm pa yo ki te petèt sibi enpak, sa ki pèmèt planifikasyon pou evalyasyon rapid pou retabli sistèm dlo aprè pasaj ouragan an ak lè dlo inondasyon an bese. Aprè ouragan an, si yo mande sa, EPA ka ede Eta yo nan fè evalyasyon domaj yo ni nan dlo potab ni nan sistèm dlo ki itilize yo pou idantifye enpak nan aktif ki enpòtan anpil yo epi ede nan retablisman an.
  • Sekirize Sit Superfund yo: EPA evalye kondisyon yo nan sit Supefund yo sou Lis Priyorite Nasyonal la (National Priorities List, NPL) nan pakou ouragan an, epi anchaje chak jesyonè sit asenisman Superfund NPL yo pou evalye kondisyon yo epi fè preparasyon sou plas pou gwo van ak gwo lapli. Aprè ouragan an epi lè dlo inodasyon yo bese, EPA fè evalyasyon rapid pou idantifye domaj nan sit yo epi kòmanse plan netwayaj yo si sa nesesè. Tout aktivite sou plas yo nan sit ki sitiye nan wout ouragan an kanpe jiskaske yo bay otorizasyon epi ekipman ki sou plas yo sekirize. Anplis de sa, yo ogmante espas nivo dlo (freeboard) pou lagon oswa etan yo pou teni kont de dlo lapli ki prevwa yo si posib. Aprè yon ouragan fin touche tè ak lè inondasyon an bese, responsab asenisman EPA yo pral fè evalyasyon sou chak sit Superfund NPL yo pou asire pa te genyen okenn domaj.
  • Evalyasyon Kondisyon nan Etablisman Endistriyèl Prensipal yo: EPA evalye kondisyon yo nan etablisman endistriyèl prensipal yo nan pakou tanpèt la pou idantifye enpak potansyèl ak mezi pou reyaji yo. Aprè tanpèt la epi aprè dlo inondasyon yo fin bese, yo dwe deklare devèsman ak rejè yo bay Sant Nasyonal pou Entèvansyon an (National Response Center, NRC). NRC enfòme Gadkòt Etazini oswa EPA selon fwontyè jiridiksyon ki te deja apwouve. EPA fè enspeksyon swivi ak evalyasyon domaj kòm entèvansyon pou rapò ki lye ak jiridiksyon EPA.

Pou jwenn lòt enfòmasyon anplis sou egzansyon kabiran EPA, tanpri vizite: https://19january2021snapshot.epa.gov/enforcement/fuel-waivers.

Platfòm santral EPA pou enfòmasyon sou katastwòf natirèl ak ouragan disponib nan https://19january2021snapshot.epa.gov/hurricanes.

Pou enfòmasyon sou kapasite entèvansyon ijans EPA, tanpri vizite https://19january2021snapshot.epa.gov/emergency-response.

Pou enfòmasyon sou gid preparasyon FEMA a pou ouragan, tanpri vizite https://www.ready.gov/hurricanes.

Konekte ak Rejyon 6 EPA:

Sou Facebook: https://www.facebook.com/eparegion6

Sou Twitter: https://twitter.com/EPAregion6

Konsènan Rejyon 6 EPA: https://19january2021snapshot.epa.gov/aboutepa/epa-region-6-south-central