An official website of the United States government.

This is not the current EPA website. To navigate to the current EPA website, please go to www.epa.gov. This website is historical material reflecting the EPA website as it existed on January 19, 2021. This website is no longer updated and links to external websites and some internal pages may not work. More information »

News Releases

News Releases from Headquarters

Kalite Dlo nan Zòn ki te Sibi Enpak Inondasyon an pandan Ouragan Laura a

08/26/2020
Contact Information: 
Biwo Laprès EPA (press@epa.gov)

WASHINGTON (26 dawout 2020)- Jodi a, Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) te pibliye deklarasyon ki annapre a pou sa ki konsène kalite dlo nan zòn ki te sibi enpak inondasyon pandan Ouragan Laura a.

"EPA ap kowòdone deprè avèk Eta yo ak patnè rejyonal yo, epi nou genyen ekip ki la pou sipòte FEMA," se sa Administratè EPA Andrew Wheeler te deklare. "EPA prè pou reponn ak tout bagay ki kapab rive akoz Ouragan Laura a."

Rejè dlo ki fin itilize yo nan egou sanitè yo ka rive pandan aktivite gwo inondasyon yo. EPA, ajans Eta ak ajans lokal yo ap travay aktivman pou siveye enstalasyon sa yo ki te deklare devèsman, epitou fè aktivite sansiblizasyon epi bay konsèy teknik pou tout lòt enstalasyon tretman dlo yo nan zòn ki te sibi enpak inondasyon yo.

Dlo inondasyon yo kapab genyen anpil danje, sa gen ladan bakeri ak lòt ajan maladi. Tout moun ki enplike nan aktivite netwayaj oswa tout lòt moun ki gendwa te ekspoze nan dlo inondasyon yo dwe pran prekosyon. Prekosyon sa yo genyen ladan respè tout avètisman otorite lokal ak otorite Eta yo konsènan avi pou bouyi dlo, konsèy sou natasyon, oswa lòt konsèy sekirite yo. Anplis de danje pou nwaye pandan moun ap mache nan dlo, naje, oswa kondwi nan dlo inondasyon k ap koule vit, dlo sa yo ka pote gwo objè ki pa toujou fasil pou wè ki ka lakoz moun ki nan dlo a blese. Lòt danje potansyèl yo genyen ladan fil kouran ki tonbe ak blesi posib akoz bèt dlo inondasyon yo deplase.

Pwofesyonèl preparasyon ijans lokal, Eta ak federal yo ap travay ansanm nan tout Texas ak kot gòlf Lalwizyàn nan avèk responsablite prensipal pou asire sante ak sekirite moun Ouragan Laura a te afekte. Pandan n ap kontinye prepare pou katastwòf natirèl sa a ak efè devastatè li genyen sou moun Lalwizyàn ak Texas, youn nan premye travay aprè ouragan an fin pase se bay aksè nan dlo potab ki san danje epi garanti ke sistèm dlo ki fin itilize yo kontwole, teste pou sekirite epi jere yon fason apwopriye.

Pou plis mizajou sou Ouragan Laura a, swiv ajans lan sou Twitter @EPA.

Pou plis enfòmasyon sou preparasyon pou inondasyon, vizite https://19january2021snapshot.epa.gov/natural-disasters/flooding.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram repons ijans EPA, vizite https://19january2021snapshot.epa.gov/emergency-response.

Kontakte Nou pou poze yon kesyon, bay kòmantè, oswa pou deklare yon pwoblèm.